musicas.mus.br
Letras de músicas - letra de música - letra da música - letras e cifras - letras traduzidas - letra traduzida - lyrics - paroles - lyric - canciones - ABA BLABLA (FEAT. J. PERRY & GARDY GIRAULT) - BIC TIZON DIFE - música e letra
Utilize o abecedário abaixo para abrir as páginas de letras dos artistas
Aba Blabla (feat. J. Perry & Gardy Girault) letra
Zafè m pa zafè w (oh, oh)
Pa bezwen frape, ou pap antre (oh, oh)
Lavi m pa lavi w, ou pap konprann mwen tande
So pa pèdi tan w kritike m
Aba blabla, blabla
Zafè m pa zafè w (oh, oh)
Pa bezwen frape, ou pap antre (oh, oh)
Lavi m pa lavi w, ou pap konprann mwen tande
So pa pèdi tan w kritike m
Aba blabla, blabla
Nou pale menm lè n pa gen anyen pou n rakonte
Nou pale san konnen konsekans sa ka pote
Nou pale pou nou deranje meditasyon
Nou pale sa n pa fè atansyon
Lè mwen fè yon mal ou jwenn yon rezon pou pale
E lè mwen fè yon byen, tan w pa pale ou depale
Mizik sa a se fason pa m pou m mande n envestige (oh, oh)
Avan nou jije, oh, oh, pito n pa pale
Zafè m pa zafè w (oh, oh)
Pa bezwen frape, ou pap antre (oh, oh)
Lavi m pa lavi w, ou pap konprann mwen tande
So pa pèdi tan w kritike m
Aba blabla, blabla
Zafè m pa zafè w (oh, oh)
Pa bezwen frape, ou pap antre (oh, oh)
Lavi m pa lavi w, ou pap konprann mwen tande
So pa pèdi tan w kritike m
Aba blabla, blabla
Pale pale, moun yo renmen pale
Pale pale pale moun yo renmen pale
Pale pale pale moun yo renmen pale
Yo pale depale yo pale depale yo pale
Pale pale, moun yo renmen pale
Pale pale pale moun yo renmen pale
Pale pale pale moun yo renmen pale
Yo pale depale yo pale depale yo pale
Tizon Difè a konstate ke bò isit nou renmen pale pale
Lang nou tounen matinèt nan do lòt la pou n kale kale
Sou pretèks ke gen pawòl men pa gen bouch
Nou mete piman, nou mete sèl jouk nou fè kònè tounen touch touch
Gen moun jis pou yo fè tèt yo plezi (yo blablabla)
Gen lòt jis pou mezire w nan fo mezi (yo blablabla)
Machann gaz niche dwèt alevwa pou machann siwo
Ou vle trete m tankou kapèt, men m son po flè sou biwo
J Perry ak BIC Tizon Difè
Zafè m pa zafè w (oh, oh)
Pa bezwen frape, ou pap antre (oh, oh)
Lavi m pa lavi w, ou pap konprann mwen tande
So pa pèdi tan w kritike m
Aba blabla, blabla
Zafè m pa zafè w (oh, oh)
Pa bezwen frape, ou pap antre (oh, oh)
Lavi m pa lavi w, ou pap konprann mwen tande
So pa pèdi tan w kritike m
Aba blabla, blabla
Aba blabla blablabla, aba blabla
Aba blabla blablabla, aba blabla
Aba blabla blablabla, aba blabla
Aba blabla blablabla, aba blabla
BIC Tizon Dife - Letras
- Aba Blabla (feat. J. Perry & Gardy Girault)
- Alleluia Amen!
- Drapo'm Nan (feat. BélO, Darline Desca, Shishie, Ayiiti, Fatima Altieri, Ge. Ral. Do, Mandela, Wanito, Jean Jean Roosevelt, J. Perry, Mikaben, Misty Jean, Medjy & Queen Bee Haiti)
- K'ay Blan (feat. Wendyyy & Vanessa Désiré)
- Lanmou Dous Makòs (feat. Vanessa Désiré)
- Mèsi Ti Cheri Doudou (feat. Rutshelle Guillaume)
top 30 músicas
©2003 - 2026 - musicas.mus.br